___Kiyès WO ye

PRAN DESIZYON KI DIFISIL MEN KI GEN VIZYON AK BON CHANJMAN

MMMMMMÈÈ

Misyon ak Vizyon nou.

An expressive African woman enjoying the rain in a natural setting, symbolizing freedom and happiness.
WO dwe kòmanse kòm yon repons a bezwen ijan pou yon chanjman reyèl nan peyi a. Nan yon moman kote anpil pè pran aksyon, WO se yon mouvman k ap chèche pote transparans, entegrite ak solidarite nan lavi politik Ayiti avèk detèminasyon, kouraj, angajman ak yon vizyon klè, nou vle mete baz pou yon nouvo modèl gouvènans. WO se yon pati politik ki defini kòm yon pèson moral endepandan, ki pa sou responsabilite ni sou kontwòl menm pesòn fizik ki kreye ide a, men ki dwe dirije pa yon gwoup manm egzekitif ki dwe pase pa platfòm lan nan yon sistèm de vòt klè, kote tout manm byen idantifye ak yon profil ki verifye e ki respekte kritè WO yo. Estrikti sa a ka modifye avèk konsantman gwoup la, men li toujou dwe rete fidèl ak objektif jeneral li. E ak anblèm pati a ‘AJI BYEN! OZE WO!

Aji byen! Oze WO! se pa sèlman yon deviz, men yon apèl kouraj ak angajman ki defini vizyon ak istwa WO. Nan yon peyi kote politik Ayiti te rete anreta pandan plizyè ane, sistèm nan te fèt pou yon sèl gwoup – yon gwoup ki enplante, elaji epi fè sistèm nan satisfè sèlman enterè pwòp li. Sa lakoz yon stagnasyon kote inisyativ ak chanjman reyèl yo pa jwenn plas.
WO, kòm yon mouvman ki gen yon vizyon klè, chwazi « Aji byen! Oze WO! » kòm deviz li e pran yon chimen difisil: rejte dirijan ansyen sistèm nan pou louvri espas pou nouvo lide ak jenerasyon ki gen karaktè ak nivo. Nou kwè ke pou reyalize yon chanjman reyèl, se nesesè pou asire ke sèlman moun ki pare ak gen kapasite antre nan sistèm nan ap mennen chanjman an. Se sèlman avèk yon ekip ki solid – moun ki gen entegrite, angajman, ak yon vizyon pou avni Ayiti – ke nou kapab bati yon nouvo modèl gouvènans ki pote inovasyon ak transparans.
Vizyon WO se kraze chenn ansyen modèl la epi konstwi yon sistèm politik modèn kote tout sitwayen gen opòtinite pou patisipe aktif, responsab, ak dirab nan devlopman peyi a. Avèk « Aji byen! Oze WO! » nou envite tout moun, espesyalman sa yo ki te toujou rete sou bò a, pou pran risk la, fè aksyon epi patisipe nan yon mouvman pozitif. Nou vle demontre ke, malgre tout difikilte ak retisans, li posib pou kreye yon avni kote pouvwa pa konsantre nan men yon minorite, men li distribye egal-ego ak ekitab pou tout pèp la.

VALÈ NOU

Dekouvri valè fondamantal nou, ki gide chak akstyon ak chak desizyon nou yo.

Angajeman

WO chita sou yon angajman san rezèv pou avanse yon chanjman reyèl nan lavi Ayiti. Nou kwè ke patisipasyon aktif chak sitwayen se kle pou bati yon avni miyò. Nou envite tout moun—menm sa yo ki te pè angaje nan politik—pou pran pati nan mouvman sa, avèk kouraj, determinasyon, epi ak yon sans responsablite pou fè aksyon konkrè sou teren.

Entegrite

Entegrite se fondasyon nan tout aksyon nou yo. WO angaje pou kenbe transparans, onètete, ak moralite nan tout desizyon politik li yo. Nou refize pratik korozyon ak move zak, epi nou mete aksan sou verite ak respè pou dwa tout sitwayen. Sa vle di, chak dirijan ak chak manm dwe aji ak respè, san kompromi sou prensip etik ki gide nou.

Solidarite

Nan WO, solidarite reprezante inite ak kolaborasyon ant tout manm ak sitwayen. Nou kwè ke ansanm, ak sipò youn pou lòt, nou ka simonte tout defi. Solidarite vle di pataje resous, konesans ak eksperyans pou bati yon kominote ki ini ak angaje nan amelyore kondisyon lavi pou tout moun. Nou envite tout moun pou mete tèt ansanm, san distenksyon, pou reyalize yon chanjman ki dirab ak ekitab.

Asanm, An chanje Ayiti

AJI BYEN! OZE WO!
Rejwenn WO nan misyon pou yon avni miyò. Chak efò konte, epi sipò ou esansyèl pou siksè Ayiti.

Retour en haut