WO, yon pòt ouvè pou dyaspora reponn apèl peyi li

WO se pa sèlman yon platfòm.
Se pa yon pati politik tankou tout lòt.
Se yon batiman k ap travèse lanmè, k ap chèche tout pitit tè a, kèlkeswa kote yo ye.

Nou konnen anpil nan nou te kite Ayiti pa chwa, pa nesesite, oswa pa desten.
Gen ladan nou ki te ale pou etid, ki te jwenn bous, ki te kite dèyè fanmi, zanmi, koulè solèy la…
Nou pa bliye sa.
Men nou kwè tan an rive pou nou rekonekte.

WO se mwayen pou nou di nou :
Nou pa bliye nou. Nou konte sou nou.

Nan chak peyi, nan chak vil, gen yon Ayisyen ki kenbe lanmou pou Ayiti an silans.
Nou konnen ou t ap tann yon siy, yon estrikti ki klè, ki senp, ki serye,
yon espas kote ou ka jwe wòl ou san w pa oblije retounen viv nèt,
men kote w ka sèvi, pataje, konstri, patisipe ak vwa ou, konesans ou, eksperyans ou.

WO vin mete pon sa.
Yon pon ant eksperyans dyaspora a ak espwa nasyon an.
Yon platfòm kote ou ka rantre, kote ou ka pale, kote ou ka aji.
Kote ou pa fè politik pou tèt ou, men ou mete tèt ou pou sa ki pi gran pase w.

Se pa tout moun ki ka leve tè, men chak moun ka leve lespwa.
Se pa tout moun ki ka tounen fizikman, men chak Ayisyen kapab fè yon pa.

Jodi a, nou pa mande w vin itil.
Nou mande w reponn apèl peyi w.
Paske w se pitit li.
Paske, malgre tout bagay, li kwè toujou nan ou.

WO ouvè pou ou. WO pare pou ou. WO bezwen ou.